PRESIZYON ENPÒTAN
Bonjou tout frè m, sè m,
M pase di w depi se pwodui ki nan lis PRE-KÒMANN lan deja, ou pa bezwen mande pou lòt manm nan Klèb la mete avè w pou w achte yo. Annik mete kantite w vle achte a selon lajan w dispoze pou sa. Lè dirijan klèb la yo fin adisyone kantite pwodui tout manm k ap achte menm bagay avè w yo, l ap rive nan Minimòm Faktori a Mande a kanmenm, epi pri a ap desann otomatikman ni pou ou, ni pou tout lòt manm yo ki pran menm pwodui avè w, nan kèlkeswa rejyon manm sila yo ta twouve yo, e san w pa bezwen antre an kontak dirèk avèk yo tou.
Moun ki dwe mande kole zepòl, se manm k ap achte yon pwodui ki pa nan lis PRE-KÒMANN nan. Se lè sa manm sila a ap bezwen lòt moun pou met avè l sou kote pou yo ka ranpli kritè yo ansanm.
Men ou menm ki wè pwodui w la nan lis la deja, zepòl ou gentan kole ak zepòl tout lòt manm anjenral k ap pran menm pwodui sa a. Se annik mete kantite w vle achte a epi tann reduiksyon ki pral fèt sou pri a apre dirijan yo fin negosye ak founisè a.

