

BATI ANSANM
GRANDI ANSANM
VIZYON
Nou ap chanje fason yo bati biznis ann Ayiti.
Kaw Biz egziste pou ede moun pase soti nan lide rive nan biznis reyèl, atravè travay kolektif, resous pataje, ak aksyon konkrè.
Nou rasanble antreprenè ki pare pou aprann, achte, konstwi, epi grandi ansanm.
Nou mete aksan sou ekzekisyon, pa teyori sèlman.

SISTÈM VÈTIKAL KAWBIZ
Kaw Biz se yon sistèm vètikal kote tout etap yo konekte:
Estrikti → Pwodwi → Lojistik → Maketing → Kwasans.
Ou pa pou kont ou.
Nou bati, nou enpòte, nou vann — ansanm.
Estriktire Biznis
Nou ede w bati fondasyon biznis ou depi nan baz la, pou w pa antre nan mache a san direksyon.
Sa gen ladan chwa estrikti legal la, òganizasyon entèn biznis la, ak definisyon modèl biznis la.
Nou travay avèk ou pou klarifye:
-
Ki sa w ap vann
-
Ki moun w ap vann li
-
Kijan biznis la ap fè lajan
-
Kijan w ap jere depans ak kwasans
Objektif la se asire biznis ou solid, òganize, epi pare pou grandi sou bon baz, san konfizyon ni gaspiyaj tan ak lajan.


Chwazi Pwodwi & Achte Lachin
Nou chwazi pwodwi yo ak estrateji, pa o aza.
Nou konsantre sou pwodwi ki vann byen, ki nesesè chak jou, epi ki gen bon potansyèl pwofi sou mache Ayiti a.
Nou travay an gwoup pou idantifye bon opòtinite yo, evite pwodwi ki gen twòp risk, epi chwazi sa ki deja teste sou mache a.
Apre sa, nou achte dirèk nan Lachin an gwo kantite, sa ki pèmèt nou bese pri acha a, diminye pri shipping pa inite, epi negosye pi bon kondisyon ak founisè yo.
Achte an gwoup fè w peye mwens, pandan w konstwi yon biznis rentab, solid, epi dirab.
Lojistik, Shipping & Ladwann
Nou pran an chaj tout lojistik la, depi shipping soti Lachin rive Ayiti, jouk dedwannman ak livrezon final la.
Ou pa bezwen pèdi tan ak konplikasyon ladwann — nou okipe tout pwosesis la pou ou, ak transparans ak kontwòl.
Sa pèmèt ou konsantre sou vann ak grandi biznis ou, pandan nou asire machandiz ou yo rive an sekirite, a tan, epi san estrès.


Yon lòt fason pou bati biznis
Si ou gen yon nouvo lide pwodwi, Kaw Biz ka akonpaye w depi nan konsepsyon rive nan pwodiksyon.
Nou ede w devlope pwodwi a, chwazi bon founisè, fabrike li nan bon kondisyon, epi mete li pare pou mache a.
Soti nan lide a rive nan pwodwi final la,
nou konstwi li ansanm, ak yon apwòch pratik, estriktire, epi oryante sou rezilta.

Chif nou yo
300
Manb
10
Kategori pwodwi
2M$
CAPITAL
20
PARTNERS
Manb
Devni Manb Club Kaw la
Si ou pare pou sispann pale biznis epi pase nan aksyon, Kaw Biz fèt pou ou.
Rejwenn yon kominote antreprenè ki bati biznis reyèl ansanm, pataje resous, epi grandi etap pa etap.