Kòmand acha pwodwi
Bonjou 👋🏾
Non mwen se Darly Rodson JUSTIN.Mwen nan rejyon Gran sid la.
Mwen enterese achte papye ijyenik, sèvyèt ijyenik epi daypè, men mwen ta renmen ogmante kantite a pou nou ka jwenn pi bon pri epi rive nan minimòm faktori a mande a
Si ou menm tou ou enterese nan pwodwi sa a epi ou ta renmen mete ansanm pou nou fè yon gwo kòmand, tanpri voye m yon mesaj an prive sou WhatsApp . Whatsapp mwen se 509 31895359
M ap kreye yon gwoup WhatsApp pou diskisyon yo
104 vues


Zanmi m, depi se pwodui ki nan lis PRE-KÒMANN lan deja, ou pa bezwen mande pou lòt manm nan Klèb la mete avè w pou n achte yo. Annik mete kantite w vle achte a selon lajan w dispoze pou sa. Lè dirijan klèb la yo fin adisyone kantite pwodui tout manm k ap achte menm bagay avè w yo, l ap rive nan Minimòm Faktori a Mande a kanmenm, epi pri a ap desann otomatikman ni pou ou, ni pou tout lòt manm yo ki pran menm pwodui avè w, kèlkeswa rejyon manm sila yo ta twouve yo, e san w pa bezwen antre an kontak avèk yo tou.